One respe nan Leogàn

29/12/2011 12:05

 

 LEOGAN

Nan editorial sa a nap prezante yon vil ki sitiyel nan repiblik AYITI,vil sa pote non Leogàn.

Selon istwa Leogàn sete baz  yon kasika kite rele xaragwa. Gouvènman Xaragwa te dirije pa Boyekio

E apre li te vin tonbe anba gouvenans ren anakawona

 

Leogàn se yon arondisman ki trouvel nan depatman lwes prensipalman a anviron 36 kilomet de potoprens ki se kapital peyi Ayiti. Vil sa genyen anviron 200.000 moun kap viv ladanl.

Limanite deja rete chapo douvan vil sa  a pou vale li genyen nan deroulman evenman istorik peyi a.Sitou mouvman rezistans kont okipasyon ameriken ken gran lidè Charlemagne peralte tap mennen laba a.

 

Depi sou tan lakoloni vil  Leogàn rete yon referans pou te li yo ki tre fetil nan zafe plantasyon kann.

 

Jis jounen jodia a Abitan nan vil sa toujou kontinye fe plantasyon ak rekot kann

,ak kann sa yo reyalize yon latriye prodwi tankou

kleren ki se yon bwason alkolize li fet avek kann,ak sik e lot engredyan,bwason sa a fet nan menm prosesis ak femantasyon ronm ,li ta vle sanble ak ronm men li pi fo ke ronm.

 

Yo fe sik avek li tou

 

Moun nan vil sa a genyen yon fom de vi ki tre modes,tranquil,respe yon pou lot,nan zon ki nan mon yo abitan yo oganize refom agre pou travay la te,nan vil yo majorite popilasyon an souvan nan aktivite komesyal pandan yap vann nan mache beta k manje yo fe nan jaden yo.

Pou majorite jen nan leogan prensipal pasyon yo se jwe foutbol nan ti kleb nan tout peyi a . Yo gen de ekip foutbol kap byen jwe yo se Cavaly ak  Valencia

 

Apre lekol klasik yo jen laba a ,genyen yon goup ki desann nan potop[rens po yap nan inivesite konsa gen lot ki jis pran ti kou klasik paske yo la yap tan yon proch kap fe yo jwen swa yon viza oubyen yon rezidans pou yo al etazini.

Vil  Leogàn ofri pi gro anbyans ke pep ayisyen pa negosye,fet sa a rele RARA ki se yon banboch popile ki komanse depi mekredi lesann pou rive jouk dimanch pak,rara se yon festival ki gen yon mizik kit re chofe ,enstriman ki sevi nan se banbou,tanbou,trompet,senbal,graj,,nan festival sa gen yon dekorasyon ke feta k anpil koule byen,genyan yon seri fanm ki abiye an ren ak prennses pou anime fet la.

 

 

Kom prodiksyon agrikol vil Leogàn bay anpil mango,kann,zoranj,berejen,pwa.

Leogan se yon nan vil ki atire touris nan peyi a tou sitou ak festilval rara a,touris souvan vini pou profite de bon plaj yo,manje mango,bwe bon dlo kokoye,manje griyo ak bannnann,manje lanbi,manje pwason,manje kann byen dous.

 Leogàn se te yon nan vil ke gro trableman de te 12 janvye a te kraze anpil men popilasyon an rete byen janm ,byen detemine pou rekonstwi vil sa ak anpil nouvo teknoloji ki pou devlopel e fel tounen yon vre ti kwen paradi.

 

Leogan bay yon latrye atis  pami yo nap prezante lom ki pi te pi popile nan mizik lakay nou 

Vre non sete Jean Gesner Henri, non atis li se  Coupé Cloué, sete yon  foutbole e mizisyen,l

li te fet  le 10 mai 1925 nan  leogan  e li  29 janvier 1998